top of page

KORIPSYON NAN EGZAMEN LETA

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 17 juil. 2019
  • 5 min de lecture

Dernière mise à jour : 18 juil. 2019


"KÒRIPSYON NAN EGZAMEN LETA"

An jeneral, kòripsyon se yon aksyon oubyen yon gwoup aksyon ke yon moun oubyen yon gwoup moun poze ki kont sa lalwa otorize oubyen ki kont yon ansanm de prensip etabli. Gen plizyè tip kòripsyon. Tankou gen kòripsyon nan bwat leta, kòripsyon nan legliz, kòripsyon nan fanmi, kòripsyon nan antrepriz, kòripsyon nan lekòl... An Ayiti, sitou nan dènye ane sa yo nou asiste a prèske tout sòt de kòripsyon yo, sa ki vin yon viris pou sosyete nou an e nan moman sa e sitou nan lavni. Yonn nan yo ki pi grav ke nou viv, se kòripsyon nan lekòl yo.

Yo toujou di nou e fè nou kwè ke timoun se avni peyi a. E yo avni peyi a se pa lè nou fè yo san kontwòl e chita ap gade yo nan je tout lasentjounen, men se lè ke nou ofri yo sitou ''edikasyon ak enstriksyon''. De bagay sa yo kòmanse nan fanmi, pase pran legliz, lari pou rive nan lekòl.

Lekòl, gran enstitisyon kote timoun pase prèske tout tan yo sòti nan 2 oubyen 3 lane pou rive 18 oubyen 19 lane. Se yon kote yo aprann timoun yo anpil prensip lavi, aprann amize, aprann serye, aprann defann, aprann anpil lòt matyè tankou matematik, syans, istwa, jewografi, penti... Men aprè chak seyans aprantisaj sa yo, chak elèv oubyen etidyan gen obligasyon pou pase yonn ou plizyè eprèv pou evalye nivow. Se sa yo rele egzamen an. Konsa an Ayiti tankou nan anpil lòt peyi, gen yon seri eprèv final ke chak elèv oubyen etidyan sibi aprè chak sik ke yo rele '' EGZAMEN LETA oubyen EGZAMEN OFISYÈL''.

EGZAMEN LETA a se yon egzamen ke chak elèv dwe fè yon minimòm efò oubyen yon minimòm prèv poul ka benefisye yon sètifika ki bal aksè a yon nivo siperyè nan peyi a oubyen nenpòt lòt kote. Men sanble ke nan 20 dènyè ane sa yo ke egzamen leta vin yonn nan okazyon ki gen plis kòripsyon nan nivo lekòl.


KOZ KÒRIPSYON NAN EGZAMEN LETA YO


Kòripsyon nan egzamen leta yo gen anpil koz. Si nap konsidere kèk nan sa yo ki plis majè yo, nou ka site:


~ Enkapasite leta nan zafè edikasyon


Nou ka di ke leta demisyone. Afòs ke leta pa mete ase lekòl nan peyi a, nan chak katye yon moun enstale yon lekòl pafwa san okenn fòmasyon, san okenn otorizasyon e san ke kondisyon katye an pa reyini pou sa.


~ Fenomèn moun pa


Nan moman sa yo ou pa bezwen gen okenn nivo nan edikasyon pouw ka yon pwofesè, yon direktè, yon enspektè... Li sifi ke ou gen yon zanmi w oubyen yon zanmi zanmi w ki kandida oubyen ki gen yon pòs nan leta epi djòb ou an valide. Lè konsa tout moun ki resevwa fòmasyon pou fòme timoun yo se yo menn ki nan chomaj epi timoun yo menm ap sibi move fòmasyon.


~ Mank sekirite nan ministè edikasyon


Akoz yon bann anplwaye mal entansyone, egzamen leta toujou jwenn chans ap sikile nan lari avan menm ke kandida yo antre nan sal pou konpoze.


~ Devyasyon espri timoun yo


Aktyèlman nan lekòl Ayisyèn yo ni elèv ni pwofesè plis panse ke objèktif final yon klas plis baze sou travèse nan klas siperyè ke aprann metrize yon matyè ki anseye nan klas lan. E konsa tout moun vle reyisi pa nenpòt ki mwayen.


~Iresponsablite ekip òganizatris egzamen yo


Siveyan ki ta dwe anpeche tout sòt de vòl ak vyòl pandan egzamen yo poutan se yo menm nan anpil ka ki pèmèt fuit egzamen yo, ki pèmèt antre aparèy elektwonik, ki pèmèt sikilasyon fèy kopyaj, ki pèmèt an gwo vòl ak vyòl nan egzamen yo.


FASON KÒRIPSYON FÈT NAN EGZAMEN LETA


Fòm kòripsyon nan lekòl ki pi popilè nan egzamen leta yo se ''VÒL'', yon sòt de kopyaj ki fèt nan plizyè fason.

~ Pafwa elèv yo gade sou fèy vwazen yo pa fòs ou volontè.

~ Pafwa elèv yo pote mòso papye ekri oubyen distribiye mòso bouyon nan sal lan.

~ Pafwa elèv yo ekri nan yon pati nan kò yo kèk enfòmasyon

~ Pafwa elèv yo pote telefòn oubyen mont elektwonik oubyen kas bloutouf pou kominikasyon ant elèv nan menm klas, ant elèv nan plizyè klas e sitou ant elèv avèk moun deyò.

Lè gen jan de deblozay sa yo, siveyan yo ki plis rebèl yo oubyen ki pa vle tolere jan de aksyon sa yo konn sibi. Yo konn resevwa anpil betiz nan bouch kandida yo. Elèv yo konn rele sou yo. Elèv sa yo konn menm fè tout sòt de menas sou yo, fanmi yo, zanmi yo, byen yo.

KÈK KONSEKANS KÒRIPSYON SA GENYEN

Pafwa gen anpil elèv ki menm pèdi wout reyisit avèk sistèm sa paske yo peye nenpòt rezo mafya san panse nan ki depatman y ap travay. Lè konsa repons yo pa valide pou egzamen yo a.

Pafwa tou yo peye yon rezo kap travay pou depatman y ap konpoze a ki distribiye move repons si yo pa twouve bon egzamen an.

Pafwa move zak sa yo konn yon chans siksè, men se nan menm rit sa peyi nou an ap fini ak tout sa ki ladanl. Yon banm diplòm ak sètifika ak distribiye toupatou san okenn valè.

~ Moun sa yo vin toujou kòwonpi toupatou

~ Etranje vin pa fè sistèm nou an konfyans

~ Moun sa yo vin pa ka reflechi, pa ka rezone

~ Pral vin gen gwo pwoblèm retransmisyon konesans si sa pa chanje depi kounyea

~ Alafen, nap vin pèdi tout sa nou genyen jiskaske nou pèdi peyi nou an nèt


SA KI DWE FÈT

Gen anpil solisyon ki ka pèmèt nou remedye de maladi sa. Men gen kèk nan yo ki dwe sitou panse avan.

Leta dwe pran responsablite l nan zafè edikasyon. Li dwe ranfòse l sou tout tèritwa a. Li dwe mete ase lekòl ak inivèsite pou tout moun. Li dwe veye pi prè moun ki responsab lekòl yo e sitou sa yo kap transmèt fòmasyon yo. Leta dwe sekirize ministè edikasyon an ak tout biwo l yo. Li dwe siveye tout enfòmasyon kap sòti ak tout sa kap antre.

Kanpay sansibilizasyon dwe fèt e pou responsab lekòl yo e pou elèv yo pou yo ka gen yon lòt konsepsyon de aprantisaj ak reyisit. Yo dwe kapab devlope kapasite yo nan tout sa yap fè e gen kapasite pou idantifye pasyon yo.

Rezo telefonik nou yo dwe mete kèk mwayen an plas pou anpeche sikilasyon egzamen e sitou repons yo avan e pandan egzamen yo. Yo dwe an kolaborasyon avèk ministè edikasyon ak lapolis pou yo ka trake tout moun mal entansyone sa yo ki dèyè bagay sa.

Egzamen leta yo dwe gen plis siveyans, plis sekirite. Responsab yo tou dwe moun ki gen respè pou tèt yo, pou moun kap konpoze yo e sitou pou avni peyi a.


 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comentários


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page