top of page

Yon ti chita pale ak DJ LOWENS

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 14 juil. 2019
  • 3 min de lecture

Alpha-Evolu,

Gwoup jèn ki chèche dekouvri tout talan lakay ni nan domèn mizik,ekriti...pou fasilite anpil moun konnen yo e travay yap fè nan sosyete a.

Jodi a nou genyen avèk nou yon Dj, yon tit nan dènye tan sa yo ki fè anpil tole ni nan radyo ni sou rezo sosyal yo jiskaske yo konsiderel kòm yon referans pou dekouvri yon talan.

Anpil moun pa rive konprann travay yo. Ròl prensipal yon Dj se jwe disk yonn dèyè lòt jan'l esplike tèt li.

Nou ekri ti atik sa pou fèw konnen pi byen yon talan ki fèt nan vil wanament,travay li e vizyon li nan domèn mizik la. Li rele Lowens Louis BASTIEN ki genyen kòm non atis DJ Lowens

An nou apresye ansanm yon ti entèvyou de Alpha-Evolu ak Dj Lowens.


Kòman e kilè ou vin Dj ?

Depi lèm piti m te renmen mizik ,m te toujou konn chante m te aprann jwe pyano ak tronpèt. Sans mizik la te nan mwen apresa m vin plis fokis nan mond Dj an lèm te nan klas filo e m te gen 18 lane konsa.


Ki difikilte ou te jwenn sou wout ou ?

se pawòl kèk moun ki ka rann mwen fristre, moun ki pa renmenw kap di ou pap janm anyen men m vin plis konsidere paròl sa yo tankou yon sous pou motivem.


Èskew fè pati de yon gwoup ? Oubyen ou pèfome ou menm sèl ?

mwen menm sèl


Èske se ak lajan Dj a ou viv? Epi tou aktivite Dj a bay lajan?

Non.


Jiska prezan m pa konsidere Dj a tankou yon metye. Yon moun ki konnen byen ap diw mizik an Ayiti pa bay kòb dirèk, li jis baw tit ak popilarite epi ak kalite sa yo ou ka fe kòb.


Èske paranw pa baw problèm paskew se yon Dj ? Pou laj ou e se li menm ki pasyon'w.

wi.


kijanw fè pou jere aktivite lekòl ou an menm tan avè Dj a?

Map profite di gran piblik la ke mwen ap fè jeni enfomatik nan linivèsite NORTHEN CARIBBEAN UNIVERSITY (NCU) lèm vin pase vakans an Ayiti m toujou pratike DJ a.


kouman ou motive piblik ou? ki pwen fò ou nan domèn sa?

"M jis jwe ak tout kèm". se sak pwen fò mwen epi m' toujou chèche rive sou piblik la ak mizik kap mennen yo.


Konbyen mizik ou fè deja? siw genyen di nou tit yo.

M gen yon mizik ki pral soti la nan desanm lan se li menm kap premye avèk yon atis ki rele Djino djix. Map fè nou konnen tit la nan yon ti tan.


Konbyen mikstep ou genyen? sak enspirew fè yo?

m tèlman fè MIXTAPE m pa ka kontrole. Depi vibe(vayb) la montem m fè yon mix pou fanatik mwen yo ka enjoy epi m gen yon projè mikstep chak mwa (MIXING FOR FUN).


Ki remak yo fèw pandanw Dj ki make plis?

M sonje yon lè m fin jwe, epi yon moun dim pou ti laj mwen epi dwèt mwen granmoun konsa. sa te fèm ri el makem anpil.


Ki mesaj ou genyen pou jenès la e tout moun ki ta renmen vin yon Dj?

Ni sila yo ki panse Dj se yon move tit.

-Map di jenès la toujou rete pozitif nan tout sa lap fè , ale lekòl met konesans.

-Tout moun ki ta renmen vin yon Dj premye bagay map di nou se renmen saw pral fè a, epi mete disiplin nan tout sa wap fè.

-Pou moun ki panse Dj se yon move tit, m pa wè sam ka di yo men sèl sam konnen depi wap fe nenpòt bagay wap toujou jwenn nenpot moun kap diw li pa bon.

#ALPHA-EVOLU

#EVOLU MAG

Préparé par : DOLCINE Stanley

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Commentaires


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page