12 janvye 2010 - 12 janvye 2012, 10 lane deja
- ALPHA EVOLU
- 12 janv. 2020
- 3 min de lecture

Sa fè deja 10 lane depi peyi dayiti te konnen yonn nan pi gran katastwòf pou la premye fwa nan 21nyèm syèk la . Yon madi 12 janvye nan apre midi, a 4è ak 53 minit, tè a te tranble pandan sèlman 35 segond. Kantite tan sa te sifi pou lakoz anpil dega, moun mouri, byen materyèl pèdi... nan yon bat je. Tranbleman tè sa te gen yon manyitid 7,2 kite jistifye sou yon echèl ki rele "Échelle de Richter".
Lekòl, inivèsite, antrepriz prive ak byen piblik, palman, palè nasyonal, plizyè lopital, ministè yo, legliz, palè jistis, rezidans...Yonn Pat kapab fè fas ak moman difisil sila.
Plis ke 200000 moun te mouri, plis pase 1,5 milyon moun te lage debwa pandye nan lari, san yon kote pou yo rete.
Anpil peyi nan mond lan tankou Repiblik Dominikèn, Etazini, Lafrans te pote solidarite bay ti pèp Ayisyen an ki tap soufri de evènman sa...Jounen jodia fè egzakteman 10 lane ke katastwòf sila te frape peyi a.
" Enpak Tranblèman tè a sou lavi viktim yo "
Goudougoudou 2010 la kite anpil sikatris lakay moun ki viktim yo sou pwen materyèl ni sou pwen mantal.
Premye bagay ki afekte moun sa yo plis se lanmò fanmiy ak pwòch yo. Kek ladan yo rakonte kijan sa difisil pou yo viv san moun sa yo ki te "poto mitan" lavi yo , e se katastwòf sila ki eksplike povrete anpil nan yo jounen jodia.
Lòt bagay ki afekte moun sila yo se kay yo pèdi yo . Yo di nou yo fè anpil sakrifis pou yo rive konstwi kay sa yo epi yon senp tranbleman tè fè yo pèdi tout sa yo posede. Sa ki pi grav , 10 lane aprè ,yo poko janm ka gen kote pou yo rete. Anpil ladan yo se anba tant yap dòmi toujou , kèk lòt se lakay fanmiy oswa yon pwòch. Sila yo ki gen plis mwayen yo oblije nan anfème kay , yon bagay ke yo pat janmen espere. Viktim yo plenyen de yon leta ki pa vrèman sousye de jan yap viv paske selon yo , leta resevwa lajan pou kapab ede yo nan sitiyasyon yo ye an men se volonte ki pa genyen bò kote moun kap dirije yo ki kontante yo sèlman nan fè kòripsyon.
Goudougoudou sa lakoz anpil maladi mantal tou lakay moun sa yo tankou depresyon..Sikològ yo admèt ke 10 lane apre , gen anpil moun ki poko fin geri de dram sila.
" Echèk leta nan rekonstwi batiman piblik ki te kraze yo "
Nou kapab remake tou ke 10 lane aprè , leta ayisyen pat pran responsablite pou te rekonstwi batiman piblik ki te kraze yo . Pami enstitisyon leta ki te domaje yo , nou kapab konte sou dwèt sa ki rekonstwi yo. Palè nasyonal ki se kote prezidan an ye a pa rive rekonstwi, lopital jeneral tou ki se pi gwo sant sante peyia pa fin konstwi jiskaprezan malgre gwo lajan ki te envesti pou sa. Si nou pran an kont fakilte leta yo ki nan kapital la , se sèlman Fakilte medsin lan ki fin rekonstwi e inogire . Apresa pou lot yo se swa yap rekontwi oswa yo abandone pou yon dat ke nou pa konnen.
Bon, pou nou fini , nou voye yon panse espesyal a tout moun ki te viktim nan gwo evènman sa a, nou paka pi dezole, nou konnen doulè a, nou konnen soufrans yo. Nou swete ke moman sa a pa rete twomatize nou pou lavi men pou nou reprann lavi nou an men e rete vijilan paske goudougoudou pa frape pòt avan li vini.
Nan lide poun pi byen prepare :
Prepare yon plan pou ou kapab chape poul ou ak sekirite e pwoteksyon.
Respèkte règ konstriksyon parasismik yo.
Fikse aparèy e mèb lou yo bien.
Enfòme sou risk yo e konsiy pou proteje tèt ou.
Pandan sekous la siw andedan kay ou akostew nan yon mi ki pa riske tonbe e anba mèb solid.
Pa kanpe tou prè fenèt yo.
Siw deyò elwanyew de sa ki ka tonbe (batiman, pon, fil elektrik elatriye).
Siw andedan yon machin etenn li epi tann sekous la fin pase, paf è tèt cho.
Apre sekous la fin pase koupe gaz ak elektrisite nan kay la.
Eseye ede fanmiy ou ak lòt moun soti andedan batiman yo nan fasonw kapab.
Koute radyo pou w tande konsiy enstans ki konsène yo sou sa.
ATANSYON PA KAPON / 12 janvye
#EVOLU-MAG
Comments