BLE E WOUJ!! (18 mai 2020)
- ALPHA EVOLU
- 18 mai 2020
- 2 min de lecture
BON FÈT DRAPO AVÈK ANPIL TRISTÈS
Nou rete kwense nan pase nou, se petèt sa ki fè nou paka wè eta prezan nou. Chak 18 me nou fè glwa pou lejand kreyasyon ble e wouj lan, men chak ane tou nou pwouve ke nou pat janm merite bikolò sa.
18 me 1803 nan lakayè, zansèt brav pèp ayisyen kite reve kite yon eritaj sou gwo batay yo tap mennen kont lesklavaj la nan peyi a, te deside bay pèp ayisyen yon idantite, yon idantite ki tap pèmèt nou sonje ke solisyon an se linyon, se goumen pou sa nou kwè, pou sa nou vle. Yo te deside senbolize pase nou, pou fè nou sonje kote nou soti, mizè nou pase ak batay nou fè pou nou te ka lib jounen jodi a.
Yo te divize yon trikolò(ble,wouj,blan) pou keye yon bikolò(ble,wouj). 2 koulè sa yo ta va reprezante premye pèp nwa a, yo ta va reprezante bèso libète nan mond lan. Konsa si pèp ayisyen se te pyebwa a, drapo a ta rasin, si nou te kay li ta twati . Drapo a ta va vizaj nou, li ta va san kap koule nan venn nou. Nou ta va fè valè li kote nou pase, li ta kontinye flote ak fyète menmsi ta gen gro van ak siklòn.
Men ble e wouj, mwen dezole…
Mwen dezole paske desandan yo inyore valèw, yo mache sou diyitew san yo pa rann kont ke se vijaz yo yap pilonnen. Jounen jodi nou divize,nou bliye sa nou ye, nou pa valorize eritaj nou an. Nou sonje valè drapo nou an sèlman 18 me, apre 18 me nou bliye si nou gen yon valè pou nou respekte.
Lane sa fòk nou pa kontante nou fete, ni chante nan non drapo a, fòk nou panse a fyète li tou. Fòk nou sonje ke jiskaprezan nap mache sou li toujou,nap pyetinel, nap degradel.
Pèp ayisyen!!! Nou pa anyen san drapo nou an, nou pa gen idantite, nou pa gen pase, nou pa egziste. Li lè pou nou pran fyète nou an men, pou nou viv nan linyon, pou nou montre ke reyèlman se papa ak manman nou ki te bay san yo ak syè yo pou Catherine Flon te gen kouraj pou bay chak kout fil ki te ini ble ak rouj la, ki te bay nesans a yon nouvo pèp lib, ki te soti nan trip manman libète.
Bon fèt drapo, frè ak sèm yo.
ANTOINE Milinx
Comments