top of page

Bon kote ak move kote rezo sosyal yo

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 6 août 2019
  • 2 min de lecture

Jodi a nan sosyete nou an,rezo sosyal yo jwe yon gran wòl nan relasyon moun ak moun.


Se yon gro zouti ki bay anpil avantaj konsa tou li genyen move kote ladan sitou si moun kap itilize yo a pa konnen prensip pou li byen fonksyone ak yo.


Nou ekri ti nòt sa pou montrew kèk avantaj rezo sosyal yo bay ak kèk enkonvenyan tou pandan nap baw kèk konsèy pou pi byen itilize yo.


ki sa yon "rezo sosyal" la ye?


Rezo sosyal se yon ekspresyon ki vle di yon gwoup aplikasyon an liy ki fonde sou majik entènèt ak teknoloji pou pèmèt ou kreye oubyen chanje yon kontni ke yon itilizatè kreye.

Nou ka site :Fesbouk,Enstagram,Twitè,Snapchat, Mysace,Linkedln,Telegram ak anpil lòt.


Bon kote rezo sosyal yo :


· Yo Pèmèt nou rete an kontak ak zanmi nou fanmi nou ki pap viv menm kote ak nou.

(Yon moun ou pat janm wè ou pa janm pran nouvèl ,rezo sosyal yo ka edew trouve li)

· Pèmèt nou ka pataje enfòmasyon nan tout mond lan.

· Yo se komès elektronik.

· Bay opòtinite pou achte fasil nan lòt peyi.

· Bay aksè byen fasil ak anpil konesans kite difisil pou trouve nan tan lontan.

· Favorize chita pale.

· Fasilite mwayen pou nou ka eksprime nou e pataje lopinyon.

· Ede nou trouve travay sou kèk sit.

· se yon wayen pou nou pa rete sèl.

· Pèmèt nou aprann lang e etidye an liy

· Se mwayen pou nou fè piblisite pou biznis nou ak chèche plis kliyan.

· Elatriye....


Move kote rezo sosyal yo:


· Yo lakoz nou dekonsantre nan yon travay nap fè pou verifye mesaj

· Yo lakoz Nomofobi.

· Yo bay depresyon.

· Yo anpeche nou dòmi.

· Yo gen gwo enpak negatif sou sante nou.

· Kreyasyon fo profil, vòlè tit moun pou komèt zak malonèt.

· Fè sikile yon pakèt mesaj ki pa verite.

· Moun itilize yo pou detwi imaj lòt moun.

· Entimite anpil moun pa proteje.

· Krim ak entènèt ak anpil zak teroris.


Kèk konsèy pou byen itilize rezo sosyal yo


· Fè yon orè de konbyen tan wap pase sou rezo sosyal yo,itilize yo pou bay enfòmasyon ki itil e ki verite.

· Jere entimite nou.

· Pa poste foto pou fè moun plezi apre kèk tan kap fèw regrèt pandan tout laviw.

Verifye enfòmasyon yo avan menm ke nou pataje yo

· Swiv moun ki enspiran , ki ka pote enpak pozitif nan lavi nou.

· Itilize rezo sosyal yo pou kapab enfliyanse moun nan fè sa ki bon.


Nou pa baw garanti ke siw aplike ti konsèy sa yo wap bon, men genyen kèk chanjman kap fèt nan laviw.

Ou ka fè rezo sosyal yo zanmiw men nan prensip ak bon metòd.

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comments


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page