top of page

BYEN FETE WANAMENT!!

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 12 août 2019
  • 3 min de lecture

Fèt Wanament la rive wi !


Nou ka di depi fen jiyèpou rive 14, 15 dawout, yon bon Wanamentè pa gen lòt objektif, "prepare pou fèt patwonal la."

_kisa fèt sa ye ?


Fèt sa se fèt manman mari ki monte nan syèl ke yap komemore, "Notre-Dame de l'assomption"se pou rezon sa gen yon mès ki chante, tradisyonèlman e tankou nan tout pawas katolik nan mond lan, nan okazyon fèt sa. Kidonk Notre-Dame se Sen patwon vil la.


Chak moun fete'l nan yon kwayans .


Gen pèleren ki vini, vodouyizan kap bwase ti seremoni yo sou plas la, katolik yo ki ale nan mès yo, pwotestan ki ale legliz... Tout moun pran'l nan fason pa yo. Men tout sa ki egziste e ki aktif sipoze gen yon jou pou mete'l a lonè, enben pou tout moun ki pa kwayan, ann onore vil lan chak jou men sitou nan dat sa yo.


Mwa dawout pou nou nan Wanament.


Vakans lete nan wanament pou timoun lekòl gen 2 pati: Mwa jiyè kote vakans kòmanse tout bon epi mwa dawout ki se lajwa a. Si ou se timoun wanament ou ka konn sa trè byen, mwa dawout ak mwa desanm se mwa moun sanble plis kòb pou yo fete nan ti vil sa. Men ou pa bezwen mandepouki, se jis paske se mwa fèt wanament e mwa desanm se nwèl ak fen lane. Depi 15 pase, tout moun pa wè lòt bagay ke prepare lekòl e istwa pou rakonte kanmarad yo pou di Kòman vakans yo te ye. Alò tout enèji a se de mwatye jiska 15 dawout, bon! 14 piske se nan sware sa plezi ak zanmi e fanmi an pi dous. Ti kòb nou pat manje pou rekreyasyon diran ane lekòl la, se li ki pwal achte frèch pou vire nan lari a nan 14 bwè krèm... Nèg ki gen ti menaj anba chal yo pase randevou pou al nan festival sou plas la, paran yo konn mennen timoun yo tou, tout restoran ap byen fonksyone, nap bwè, nap manje, nap fete. Relijye yo menm al lamès, se yon sware majik!


Aba vyolans diran fèt la !


Gen ti mesye ki konn nan gwoup zanmi ap pran plezi, se byen men, pafwa sou enfliyans alkòl, sa'k konn fimen tou, ki konn pwofite moman sa yo pou regle zafè pèsonèl yo ak moun yo pami inosan ki vin pran plezi yo, nap rele chalbare dèyè yo! Li pa posib pou se pandan gen sa ki deside fete an fanmiy, avèk ti menaj li, pou se lè sa deblozay pete, tonbe tire boutèy e konsa vin sal repitasyon fèt la ke nou fèt e nap mouri kite la .Kòman nou tap santi nou si te gen ti frè nou, ti sè nou oswa menm matant osinon ti fanmi ki vin wè nou, ki soti swa lòt vil oubyen lòtbò dlo, pou nou deside al fè ti pwomennen nan festival avè yo epi se lè sa de ti jèn leve batay e al dèyè baz fè fas-kare, epi nan tire boutèy yonn nan pwòch ou yo viktim? Ti jèn yo li pa bèl non! Fèt wanament lan ka pi bèl e pi amizan si pap gen vyolans e sa nan nenpòt lè li ta ye nan sware a, ann sispann fè envite nou ak pèleren yo pè fete tout bon vre ak nou nan moman festival la.


Bòn fèt tout moun !


Se moman pou nou relakse nou e devlope lanmou'n plis pou wanament. Se moman pou nou ouvri je nou pou di fatra sipoze jere tankou nan tout gran vil. Se pa paske gouvènman Ayiti pa sansib pou sa ki pou fè ke wanament ak vwazen'l Dajabon (repiblik Dominikèn) tankou fè nwa ak lajounen! Gen sèvo ki pou panse, se pa prezidan Jovenel, se pa minis yo ak palmantè yo kap viv ladan, men se nou menm moun wanament. Se teritwa nou, se li ki salon lakay nou, ann bay leta egzijans paske nou menm ki gen biznis, kap kontwi kay, kap travay, kap fè komès... leta fè nou peye yon ti taks oswa ba nou egzijans tou, ann mete tèt ansanm pou syèj kominote a sispann inonde lè gen ti lapli. Ann rele dèyè moun ki vini e ki panse yo ka fè dezòd yo vle ak byen piblik yo, ann kanpe pou vil nou an paske menm si Ayiti pòv, wanament pa sipoze sanble ak nenpòtki kote.

Se nan lide sa nap di nou ak anpil lanmou,

Bòn fèt moun wanament !


#AlphaEvolu/EvoluMag

.

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comments


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page