top of page

Chak Istwa gen yon fen!!!

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 31 janv. 2020
  • 3 min de lecture

Chak Istwa gen yon fen.

Istwa imajinè, istwa ant 2 moun ou istwa djab kelkeswa apatenans li gen yon kote li komanse e yon lòt kote pou li bout . Plizyè rezon ka koz sa tankou lanmò,distans, yon senp dezakò osinon chwa youn pou mete fen nan sa men si se yon istwa Djab, kwè m si w vle se lè souf ou koupe la bout. Bref, ann fè yon ti tripotay…


Herms yon bon patnè m , t ap eksplike m kijan li te pran nan yon kou pa konprann. Aprè etid klasik misye te oblije deplase pou li al kontinye avek etid Inivèsite li , men pou antre nan yon fakilte li te oblije ale nan yon prefak pou aprann kèk ti nosyon de baz . Nan lekòl sa misye ta pral rankontre yon bèl ti demwazèl ki rele Darline, li pa wo men tout longè li chita nan entelijans li, bon ti bagay men wa stipid pa w loll !!


Premye fwa yo ta pral pale se te pou yon echanj nimewo nan lide pou kreye yon gwoup watsap pou klas lan...

Darline : Herms

Herms : Wiii

Darline : Eskize m wi si mwen deranje w, se yon gwoup Whatsapp n ap fè pou klas lan pou pale antre nou, kòm ou nan klas lan pa konn si w ap dakò.

Herms : Wi, se pa yon pwoblèm.

Darline : Mete nimewo w la.

Herms pran telefòn nan li mete nimewo an e remèt li, Darline remesye l epi yo chak reprann chimen yo.


Kèk jou aprè sa, Darline pat vin lekòl akoz de yon ti malèz, Herms te deside ekri l pou konn sak pase…

Herms : Bonswa ti Wanament. (Darline se moun Wanament)

Darline : Bonswa!!

Herms : Koman w ye ? Sa k pase ? Mwen wè w pa vini lekòl jodia.

Darline : Mw pa te santi m ok, m gen fyèv ak tèt fè mal.

Herms : Ohw! ok mwen swete ou reprann ou paske ti souri ou ak ti koze w ap di ak Katie yo manke m nan klas la.

Darline : Wi m ap la demen sdv . Ou konn tande lè nou ap pale ?

Herms : M toujou ap swiv nou wi,nou toujou gen yon bagay n ap di anba anba apre pou nou tonbe ri.

Darline : Bon tèt ou toujou atè, lè w pap gade pwofesè a zye w nan liv la.

Herms : Poutan m gen kontwòl tout klas lan wi.


Yo pase yon bon ti tan ap ekri, Herms te vin pwopoze l pou li vin wè l , sa ke li pat refize. Touswit li te eksplike adrès lan misye te deplase men li ta pral vin jwenn avè l paske Herms pat fin klè sou adrès lan. Kèk minit li te rive nan destinasyon yo te endike a e rele Darline pou vin jwenn avè l.

Lè yo rive Herms bay yon pòm ke li te achte sou wout lan pou li,li pran l, remesye l e ofwi misye chèz. Yo pase plis ke dezèdtan ap pale,di tout koze, san dout blad pale yo te pete, loll !!


Depi jou sa yo pale chak jou,diskite sou tout bagay e pafwa menm fè ti tripotay yo ansanm, donk sa pa yon pwoblèm si m ap fè pam sou yo jodia, sak di yo pa t konn pase pran m tou!!

OK kite m fin baw koze a. Jou ap pase, mwa ap pase moun sa yo t ap vin pi alèz tankou se 2 moun ki gen etènite depi youn konn lòt men malerezman sa pral gate pi devan.


Yon jou nan entèval katrè nan apremidi misye te rantre sot fè yon mwa nan peyi li, li te awoyo paske li panse li pral wè Darline e resevwa yon " I've missed you so much, hug " lol ! aah se te byen konte mal kalkile paske nan pita bagay yo pral melanje.

Tout rès jounen an pran yo nan telefòn, yo t ap fè lago lago ti sangle ant "Video Call ak Appel Vocal" , se bèl bagay monchè hein??


Bò 1è nan maten, yo t ap di dènye pawòl yo pou al dòmi sanzatann demwazèl lan di misye pou li komanse chèche sou Google "Comment vivre sans Darline ? " misye ri li pran sa pou yon blag men Darline pesiste sou sa, Herms oblije mande sak pase? Poukisa? Jiska prezant minit rezon an rete yon mistè.


Ou kwè se yon bagay misye fè l? Sak pase?

Monchè lavi ti lòm se mistè!! M pa konn anyen m ale fè wout mw. Si gen yon bagay ki tonbe, m ap vin baw koze w.

Epss!! Talè vini m pale w baz,sa mw sot rakonte w la se sekrè nou 2 a wi, pa mete koze moun nan deyò pou yo pa pran m pou tripòt .

N a edem chèche rezon ki gate zanmitay la !



Genard Hans-Camy

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comentários


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page