top of page

Covid-19 : « DEXAMETHASONE » yon estewoyid efikas lakay pasyan ki grav yo.

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 12 juil. 2020
  • 3 min de lecture

« Dexamethasone », yon anti enflamatwa , montre efikasite li lakay pasyan ki prezante grav pwoblèm respiratwa nan kad yon vas esè klinik Recovery nan peyi Wayom Ini. Medikaman sa ta pèmèt redwi de 1/3 mòtalite lakay pasyan ki plis fwape de kowonaviris lan.

Responsab esè Recovery nan peyi Wayom ini deklare : « Dexamethasone se premye medikaman ke nou remake ki amelyore chans pou moun ka viv nan ka covid-19 ». Yon ka lanmò sou uit (8) kapab evite gras ak tretman sila lakay pasyan ki plase sou vantilasyon atifisyèl.

Nan menm moman an gouvènman britanik la te tou anonse itilizasyon imedyat medikaman sila.

Yon ti prezantasyon

« Dexamethasone » se yon medikaman ki fè pati fanmi « corticostéroïdes » (ou « corticoïdes » ou « stéroïdes »). Yo itilize medikaman sa yo prensipalman pou efè anti enflamatwa ak anti alèjik. An efè depi nan kòmansman lane 60 yo, yo itilize medikaman sila pou trete plizyè maladi tankou opresyon, fibroz pilmonè, fyèv tifoyid, epatit,elatriye akoz gwo efè anti enflamatwa li. Se yon medikaman ki pa chè.

« Dexamethasone » fè pati vas esè mondyal nan optik pou teste medikaman ki egziste deja pou kapab wè si yo efikas kont covid-19.

Koman etid sa te fèt ?

Etid lan te fèt sou 2104 pasyan ke yo te administre tretman sila ( vwa oral ou dirèk nan venn) pandan 10 jou. Yo fè yon konparezon ak 4 321 lòt pasyan ki pat resevwa l. Yo detèmine ke tretman redwi de 1/3 (35%) mòtalite lakay pasyan ki plase sou respiratè atifisyèl.

An plis mòtalite a te redwi de 1/5 (20%) lakay pasyan ki pa trò grav men ki tap resevwa oksijèn gras ak yon mask san yo pat bezwen entibe yo. Pa kont pou pasyan ke asistans respiratwa pat nesesè, tretman sila pa montre okenn benefis.

Kisa ki eksplike rezilta sila ?

Molekil dexamethasone pa aji kont viris lan li menm, se pa yon antiviral. Li itilize pou kapab limite dega nan òganis lan pandan ke sistèm iminitè an ap konbat viris lan. Youn nan konplikasyon ki lye ak kowonaviris lan se sa nou rele yon derègleman de sistèm iminitè an . Aprè kontaminasyon,repons iminitè an vin fèt avèk tròp fòs sa ki vin pwovoke sa nou rele yon « choc toxique » ou « choc cytokinique » ou « orage cytokinique » sitou lakay pasyan grav yo ( e ka lanmò yo) ki vin bay enflamasyon nan nivo veso yo. Enflamasyon sa ka vin miltisistemik kidonk plizyè ògan ap afekte tankou poumon , kè elatriye. Li nesesè pou nou souliye ke kowonaviris lan pa yon senp maladi respiratwa.

Reaksyon OMS

Aprè ke syantifik britanik yo anonse rezilta sila, OMS te salye rechèch sila. Nan yon kominike prezidan òganizasyon an Tedros Adhanom Ghebreyesus te deklare ke se premye trètman efikas ki redwi mòtalite lakay pasyan ki sou oksijèn ou respiratè. Li deklare se yon bon nouvèl e li te pwofite remèsye gouvènman britanik lan , Inivèsite Oxford, lopital ak pasyan ki te kontribye nan avanse syantifik sila ki kapab sove lavi .

Syantifik kite mennen rechèch la konseye ke « dexamethasone » kapab itilize nan limedya kòm trètman nan mond lan pou malad ki prezante konplikasyon grav yo. Nan menm optik sa OMS di lap prepare yon mizajou sou rekòmandasyon trètman moun ki enfekte de kowonaviris lan pou kapab konsidere rezilta esè sou « dexamethasone » lan.

Pou kounye a OMS ap tann rezilta analiz done ke syantifik yo te bay epi amelyore konpreyansyon yo sou rechèch sila.

DARIUS Robed, Etidyan Medsin

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comentarios


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page