top of page

Ou pa konn gen lenpresyon ou te viv yon sitiyasyon prezan deja ?

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 10 oct. 2020
  • 2 min de lecture

Anpil fwa, nou twouve nou nan yon sitiyasyon ki raple nou yon evènman ki te pase. Se tankou ou santi wap viv menm bagay la ak menm emosyon yo,menm santiman yo…Anpil moun konn enkyè aprè moman sa yo paske yo konn met nan tèt yo ke sa gen rapò ak bagay mitik oswa se yon maladi… Men kisa Fenomèn sa ye menm ?

Yo rele Fenomèn sa « Déjà-vu » nan lang fransè a, ki tradwi an kreyòl yon bagay ke ou wè deja. Se yon sansayon kote moun lan gen lespresyon li te deja viv (nan tan pase) yon sitiyasyon k ap fèt (nan tan prezan) selon diksyonè fransè Lawous.

Jèn yo se kategori ki plis touche pa fenomèn sila e li plis manifeste lè moun lan nan yon moman estrès oswa fatig. Nan peryod sa , lè sistèm ki responsab pou verifye memwa a remake yon konfli ant sa moun lan wè a ak yon eksperyans menmjan an ke li panse l te wè deja, li voye yon siyal e se siyal sa ki bay nesans a lenpresyon « déjà-vu » a. Pa egzanp : ou ka wè yon moun pou premye fwa epi nan menm moman an yon fo souvni monte nan tèt ou e dekri yon moun ak menm trè,menm karaktè ke moun sa ou fenk wè a, lè sa sistèm ki la pou verifye memwa a detekte souvni an e fè l parèt kòm yon bagay ki reyèl.

Anpil nan nou, menm pandan yon fwa, viv eksperyans sa a deja. Kontrèman ak sa anpil moun panse, « déjà-vu » a pa jeneralman yon maladi okontrè, daprè etid syantifik yo, li se yon siy ki montre ke sistèm kap verifye memwa a ap fonksyone byen.

Jefthé ALEXIS

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comments


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page