top of page

Premye Desanm : Jounen Entènasyonal kont SIDA.

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 1 déc. 2019
  • 3 min de lecture


Jak se yon etidyan Medsin ki gen 22 lane kap viv nan yon ti lokalite kote 90 %(katrevendis pousan) moun ki rete la gen viris SIDA nan san yo. Jak te toujou ap amizel ak moun yo tout lasenn jounen. Yon jou, gen youn nan moun ki gen maladi sa ki te mande Jak kisa'k fel pa janm gen SIDA malgre lap pale,bwè,manje tout jounen ak yo. Jak te reponn li ke Maladi sa transmèt sèlman pa San oubyen Spèm e se nan fè bagay oswa bay san ke li kapab pranl pi fasil. Li te di yo tou ke manje,pale ak yon moun paka fe moun sa genyen SIDA e menmsi li ta rive nan bo ak moun sa li pap ka genyenl paske san yo pa rankontre.


Kek Mwa apre , Jak vin remanke ke nivo moun kap gen SIDA nan katye a ap ogmante de jou an jou. Jak tap reflechi e li te deside fè yon reyinyon ak moun nan katye a pou li te pale yo de Maladi sa. Nan jou sa anpil moun te prezan ; ke moun ki te genyen SIDA , ke moun ki pat genyenl..Men Jak te pote yon mesaj pou chak kouch sa yo.


Jak te adresel an premye ak moun ki pat gen viris la nan san yo..Li tap eksplike moun yo kisa maladi a ye e kijan yo kapab evite genyenl. Li te di yo ke se nan fè bagay pifò moun gen SIDA se pou tet sa li te di yo ke mwayen ki pi efikas pou yo pat genyenl se Abstinans seksyèl sa vle di pa fè bagay. Gen kek moun ki te poze Jak yon kesyon ki enpotan anpil, yo te mandel si yo nan fè bagay eske sa vle di ke yap gen SIDA. Jak te fe yo konprann ke si yap fe bagay ak yon moun sa pa vle di yap gen SIDA men lap enpòtan pou yo itilize yon prezèvatif; sa ke nou souvan rele Kapòt la paske lap ede yo evite maladi ke yo pran nan fè bagay epitou gwosès anvan lè. Jak te kontinye pou di yo ke yo kapab pran SIDA lè yo itilize yon sering ki te deja itilize pa yon moun ki gen viris la nan sanl.


Touswit apre Jak te adresel a moun ki te deja genyen viris la. Li te di Manman yo ki te nan asanble sa e ki te gen viris lan ke li posib pou yo transmèt viris sa a Pitit ki nan vant yo se pou sa li te konseye yo toujou kontinye al kay doktè pou yo te ka swiv trètman rekòmande yo, konsèy sila te tou adrese a tout moun nan ti lokalite an ki te gen SIDA. Jak te konseye yo tou pou yo te relakse yo , jwe , bay blag ak lot konsa pou yo te ka evite stress e li te rekòmande yo itilize prezèvatif yon fason pou yo te kapab proteje patnè yo.


Nan fen reyinyon sila, tout moun nan ti katyea te satisfè pou bèl travay sa ke Jak te fè a. Yo tap remèsye Jak paske gen anpil bagay ke yo pat konnen sou sijè sa ke yo aprann. 3 lane aprè plizyè nan yo te temwanye kijan konsèy sa yo te ede yo nan lavi yo ak lavi fanmiy yo.

Aktyèlman nivo vilnerablite moun ki te gen SIDA yo diminye anpil akoz yo te kontinye swiv trètman kay doktè e selon temwayaj yo pa gen youn nan moun ki pat afekte yo ki gen viris la.

Ann kwape SIDA , ann itilize prezèvatif lè nap fè bagay . Ann swiv tout ti konsèy Jak yo konsa SIDA ap kaba nan tout mond lan.


M pap pran SIDA ! Ou pap pran SIDA ! Nou pap pran SIDA !

PS : Jak se yon pèsonaj fiktif ke nou itilize, li pa reyèl.

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comentários


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page