top of page

Reouvèti mache Ayisyano-dominiken an.

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 5 oct. 2020
  • 2 min de lecture

Dernière mise à jour : 7 oct. 2020

Apre anviwon 7 mwa depi tout aktivite mache binasyonal la te paralize akoz desizyon gouvènman Ayisyen an te pran pou fèmen fwontyè a nan lide pou konbat pwopagasyon viris lan (Covid-19) sou teritwa nasyonal la, Vandredi pase yon reyinyon enpòtan te òganize ant Otorite 2 zòn sa yo (Wanament - Dajabòn). Pami Otorite ki te reprezante nou yo, nou kapab remake prezans Majistra Demetrius, Majistra Ocelite avèk kèk manb nan konsila Ayiti nan Dajabon ki gen nan tèt li Konsil François Guerrier ak Vis-Konsil Dr Hernst Laveau, rankont sa te fèt pou kapab diskite sou posibilite pou mache an fonksyone jan sa te ye oparavan. Delege Dajabòn nan te kòmanse pou di "Si la isla estuviera solamente por los Haitíanos, la sitúacíon tambien fuera dificíl, no tendria con quien hacer commercio", li ale pi lwen pou l di "Debemos proteger lo que es la mayor fuente de ingreso que es el comercio,manteniendo una relacíon amistad y de dialogo". A travè deklarasyon sa, majistra a fè apèl pou yon relasyon amikal ak dyalòg ant 2 peyi yo paske nou dwe pwoteje pi gran sous revni nou an ki se komès e fè konnen si zile a te pou Ayiti oubyen Repiblik Dominikèn sèlman sitiyasyon an t ap difisil paske pa t ap gen komès.

Yon lòt kote Vis-Konsil la Dr Hernst Laveau manifeste dezi li pou pwodwi nou yo gen aksè vann lib e libè sou teritwa Dominiken an jan sa fèt pou pa yo an Ayiti. "Gen Comme il faut, gen Toro ak anpil lòt pwodwi kalite nou fè lakay nou ki vann nan anpil lòt peyi nan mond lan tankou Etazini, sèl Dominkani ki pa kite yo pase poutan nou menm nenpòt fatra yo ban nou nou asepte yo, fok yo kite pase ti sa nou gen 2 kalite yo." E pou fini li mande Majistra Dajabòn nan ak Gouvène an pou ede l rankontre ak Ministè Komès nan Repiblik Domikèn pou diskite.

Konsil François Guerrier bò kote pa li te reyini avèk Otorite Ladwàn ak Imigrasyon pou diskite sou move trètman chofè yo ak ti machann yo ap pase anba men militè Dominiken yo. Daprè yon sous nou ka fè konfyans,rankont sa soti avek yon antant ant Otorite 2 vil yo pou jwenn yon solisyon ansanm pou tout moun kapab sikile san vèse kòb toupatou nan chak pòs, yo sèlman ap peye ladwàn ak tcheke paspò si li nesesè.

GENARD Hans-Camy

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Komentarji


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page