top of page

SISPANN

  • Photo du rédacteur: ALPHA EVOLU
    ALPHA EVOLU
  • 8 mars 2021
  • 2 min de lecture

8 mas,yon jounen refleksyon ki mete an valè lit fanm yo sou dwa yo ki pa sispann bafwe nan mond lan ak batay kont inegalite yo fas ak gason. Jounen sa jwenn orijin li nan lit feminis yo t ap mennen sou kontinan Ewop ak Amerik lan ,premye jounen sa te selebre 28 fevriye nan lane 1909 e answit li te vin selebre chak denye dimanch nan mwa fevriye jis rive nan lane 1913.

Nasyonzini rekonet jounen sa ofisyelman nan lane 1977 e envite tout peyi nan planet lan selebre yon jounen nan favè dwa fanm yo.


Kontrèman jan anpil nan nou panse li a,Jounen sa pa Fèt fanm yo men pito yon jounen manifestasyon/refleksyon sou kijan pou medam yo kapab kontinye fè tande vwa yo ,amelyore kondisyon lavi yo e revandike egalite yo. Si m ka prete yon ti refleksyon nan yon videyo Komedyèn Gaëlle Bien-Aimé k ap sikile sou rezo yo, Jounen sa tankou tout lot jounen yo konsakre pou panse sou yon pwoblem kelkonk tankou dlo,sida,andikape pou site sa yo selman. Eske w ap rele yon andikape pou swete l Bòn fèt nan jounen yo mete pou reflechi sou pwoblem andikap yo? Non, donk SISPANN anvayi medam yo sou rezo yo pou di Bòn Fèt !


SISPANN ! Maltrete fanm,pase yo anba pye.

SISPANN ! Pran yo pou objè seksyel.

SISPANN ! Panse yo enferyè e yo pa gen dwa menm jan avek nou.

SISPANN ! Fè vyolans sou fanm ak tifi.

SISPANN ! SISPANN ! Se fason sa yo nou kapab patisipe nan reyisit jounen sa pou medam yo, dayè èske li nòmal pou se selman jounen sa nou panse ak valè yo? Èske ta dwe gen yon jounen ki konsakre selman pou raple w Gason ak fanm diferan selman sou plan fizyolojik men pa nan sa ki konsène dwa yo?

SISPANN ! Voye flè ak di medam yo Bòn fèt nan jounen sa men aprann konnen dwa yo antanke FANM.

Hans-Camy GENARD

 
 
 

Posts récents

Voir tout
Hendy Lamar

Hedy Lamarr : la femme derrière le Wifi et le Bluetooth Star du cinéma, actrice glamour, elle était considérée pour certains de son...

 
 
 

Comments


  • facebook
  • instagram

©2019 by ALPHA-EVOLU. Proudly created with Wix.com

bottom of page