Yon Ti chita pale avek PWOP-T
- ALPHA EVOLU
- 4 févr. 2020
- 4 min de lecture

Pou garanti lasante, nou dwe toujou pran bon mezi pou proteje tèt nou, evite tout risk. Viv nan yon enviwònman ki pwòp se youn nan pi gwo obligasyon nou genyen si nou vle toujou rete an sante . Men poul rete pwòp kisa chak moun dwe fè? Enben! jere fatra yo se yonn nan pi bon mwayen.
Se nan optik sila, Pwòp-T ki se yon antrepriz prive, ki gen syèj li wanament, Ayiti, (rue Marie Louise Coidavid) deside ede enstitisyon yo , pwopriyetè kay ki nan vil la debarase yo de fatra pandan yap abone yo a projè sa ki se Pwòp-T Recycling.
Annou konprann pi byen bèl program sa gras a yon ti Chita pale ki te gen ant Staff Evolu-Mag la ak Mèt projè sila .
1- Kisa PWòP-T ye?
PWòP-T se yon antrepriz prive ki enskri nan yon lojik kolekte fatra nan kay moun yo. Li vize plis kay prive yo, lekòl yo, enstitisyon yo, bank ak biwo yo nan vil wanament.
2-(Pale de ou, ki wol ou nan antrepriz la, nom complet, adresse antrepriz la, contact, etc…)
Mw se Wilner JEAN m se yon etidyan memoran, mw etidye agronomi nan Inivèsite Leta Dayiti (damyen) e mw spesyalize’m nan Genie Rural, mw fè pati de anpil groupman jèn ki pale sitou de peyi e ki vle nan fason ke yo kapab pote kèk chanjman pou yon demen miyò. Mw se fondatè PWOP-T RECYCLING, Biwo antrepriz trouvel nan Rue Reine Marie-Louise, a kote paradis night club, #5. Nimewo yap jwenn nou se +509 3831-4341 ou 4075-7628, oubyen yo ka ekri nou tou sou paj nou fesbouk, oubyen sou email nou wjpwopt14@gmail.com ou jwilner885@gmail.com .
3-Kisa ki pouse ou mete antrepriz ou a sou pye?
Nan katrièm ane inivèsite nan kad yon kou ke’m te swiv ki te pale anpil sou jesyon fatra nan mond lan avè Ayiti. Se te diferan sa te pouse’m reflechi anpil, epi pandan’m fini la mw vini wanament pi souvan, chak kote’m pase m wè anpil gro pil fatra e se fatra moun soti avè yo lakay yo, mw menm ki se yon jèn ki nan anpil groupman kote toujou gen sansiblizasyon kap fèt sou bagay anviwònman, sou jesyon fatra, mw vin wè e analize si gen yon structure ki kreye ap gen mwens fatra nan kafou yo epi mw tou vini avè ide antrepriz lan. Ide an menm se jis ke’m vle vil lan pwop paske lè map gade Dajabon ki tou pre nou, sa fèm mal anpil pou wanament nan eta li ye an,donk manvi bay kout men nan fason ke’m kapab pandan tou mw vle fè yon bagay ki inovan.
4-Nan ki sans ou panse Pwòp-T pral kontribiye nan avni kominote a ?
Nan sans kote yo pral vin gen yon kominote ki pwòp, anviwonman nou ap vin pi sain, ap gen mwens fatra nan kwen lari yo, paske anpil moun ki chwazi jete fatra nan lari an, nan kafou yo se pa espre yo fè men pito pa gen yon ansanm de structure ki la pou jere sa. Se sak fè menm slogan nou se “Jere fatra, garanti lasante”. Donk tout moun ap anvi rete an sante.
5-Lè nou fin panse ranmase fatra sa yo, kijan nou trete yo?
Pou kounya nap jus mete yo nan yon depotwa ki trouve’l mòn kas, men objektif PWOP-T se ta va tranfòme fatra sa yo. Nan yon tan ki pa long nap gen pou’n fè konpòs avè fatra òganik yo epi plastik yo nap fè yo tounen poubèl pou’n bay kliyan PWOP-T yo.
6- Ki difikilte antrepriz la deja ap fè fas a li oubyen ou panse li pral fè fas a li?
Pi gro difikilte antrepriz lan ap fè fas a li nan moman se ta va yon problèm de finansman, lòt difikilte mw panse’n ka jwenn se kantite moun ki pral rantre nan lojik PWOP-T. Kolaborasyon moun yo enpotan pou nou anpil.
7- Bay 3 rezon yon patikilye oubyen enstitisyon ta dwe achte sevis Pwop-T?
Paske se yon travay sosyal, donk zafè jere fatra tout moun konsène
Nap ede yo diminye risk avè kèk maladi (pollution) yo ka pran nan salte, diminye nuisance visuelle et olfactive
Sèvis lan pap chè, satisfaksyon kliyan yo se ap priyorite’n
8- Ki pwosesis pou pase pou jwenn sevis Pwop-T epi pa ki pwosesis nou ranmase fatra yo?
Se yon pwosesis ki trè senp pouw arive jwenn sèvis nou:
Wap enskri pou’n genyen’w sou sistèm nou, sa vle di wap bay non’w, adrès ou epi nimewo telefòn ou.
Apre wap siyen yon kontra avè nou, kote nou chak ap gen youn
Nap bal yon kantite plastik poul mete fatra yo
Nap bal orè sa vle di jou nap pase pran fatra yo
Depi jou an rive, nap pase pran fatra yo sou yon moto 3 rou kòm nou pok gen machin, moun nan ap toujou mete fatra yo nan plastik ke’nou te bay yo.
9- Ki Avantaj Pwop-T abone li yo?
Tout kliyan PWOP-T, depi yo fin enskri ap gen yon mwa gratis. Nan yon tan ki pa long PWOP-T gen pou’l distribiye poubel bay moun yo avè transfomasyon ke’l pral fè avè plastik yo.
10- Eske yon moun ki aplike nan pwogram sa ap peye?
Wi yon moun ki aplike nan program nan ap peye, se yon antrepriz prive ke li ye. Pri an varye de 250goud a 500goud. Se pa volum fatra nou kolekte kay moun nan lap peye.
Mesaj nou pou popilasyon an se ta va di yo lage fatra yo bay PWOP-T. Fatra pa yon fatalite, se jere pou’yo jere yo .
Ann abone nou ak Pwòp-T Recycling pou anviwònman nou ka pi bèl.
EVOLU-MAG
Yon gro kout chapo pou staff Evolu-Mag lan, nan non'm Pwòp-T RECYCLING ap di nou mèsi. Anpil pawol di nan atik lan. Respè mesye